Créée par : | Statut actuel : | Créée le : | Mis à jour le :
| Titre : | Extrait du lexique juridique français-kreyòl : lettre A | ||||||||
| Publication : |
|
||||||||
| Source : |
|
| Langues : | |||
| français | fr | fr | |
| créole haïtien | ht | ht | |
Sans testament
Se dit dune succession dont les biens sont attribués aux héritiers selon les règles fixées par le législateur lorsque le défunt na pas laissé de testament ou, lorsquayant rédigé un testament, celui-ci est nul ou caduc.
Sa vle di san testaman. Se lè nan zafè eritay, yo separe byen yon moun ki mouri bay eritye yo yon fason òdinè, paske moun sa a pa te kite testaman oubyen testaman li kite a pa gen valè.
Délit commis notamment lorsque:
- le père ou la mère se soustrait pendant plus de deux mois consécutifs à ses devoirs matériels ou moraux à légard de ses enfants;
- une personne condamnée au paiement dune pension alimentaire ne sacquitte pas volontairement de cette obligation pendant plus de deux mois.
Se yon deli moun komèt lè yon manman oubyen yon papa pa respekte obligasyon ak devwa li genyen anvè pitit li, pandan plis pase de mwa youn dèyè lòt. Pa egzanp, lè yo kondane yon moun pou li peye yon pansyon alimantè, depi li kite de mwa pase san li pa peye li, lajistis ap pini moun sa a.
1. Dans le code pénal, la peine cesse de recevoir exécution quand elle a été prononcée pour un fait qui, en vertu dune loi postérieure au jugement, na plus le caractère dune infraction pénale.
2. Anéantissement, pour lavenir, dune mesure législative ou réglementaire par un acte explicitement ou implicitement contraire.
Nan afè penal, se lè yo retire yon pinisyon yon tribinal te bay yon moun ki te fè yon zak, paske dapre yon lwa ki parèt apre jijman an, yo pa konsidere zak sa a pou enfraksyon penal.
Etat dune personne dont on ignore si elle est encore en vie, alors quaucun événement ne fait présumer le décès.
Se yon sitiyasyon kote lè yon moun disparèt, epi pèsonn pa konnen si li ap viv toujou , alòske pa gen anyen ki ka pwouve moun sa a mouri.
Mention frauduleuse, au-dessus dune signature, dune obligation ou décharge , ou de tout autre acte pouvant compromettre la personne ou la fortune du signataire.
Se aksyon malonèt yon moun fè ak yon papye resi oubyen yon chèk tou siyen yon lòt moun kite nan men li.
Rencontre des volontés en vue de produire leffet de droit recherché par les parties: contrat, mariage, divorce par consentement mutuel, concordat...
Se yon antant kèk moun fè pou yo regle yon bagay yo tout te bezwen. Pa egzanp kontra, maryaj eksetera...
Caractère dune procédure dans laquelle les parties (le demandeur et le défenseur) ont principalement linitiative du procès (déclenchement), de son déroulement (administration des preuves à lappui de leur argumentation).
Se yon pwosedi kote se tou de pati yo (demandè a ak defandè a) ki ap mennen pwosè a, soti depi nan fason yo kòmanse li a pou rive nan jan yo bay prèv ki pou kore pozisyon chak pati yo genyen yo.
Personne soupçonnée dun crime et qui est renvoyée devant une cour dassises ou tribunal criminel pour y être jugée.
Se yon moun yo sispèk ki fè yon krim, epi yo voye li jije devan tribinal.
Mention portée sur un titre par le créancier, suivie de sa signature et destinée à prouver le paiement de la dette.
Se yon nòt yon kreyansye mete sou yon resi (yon bon) pou moutre yon moun ki dwe li peye dèt li. Nòt sa a pa genyen okenn valè si kreyansye a pa siyen anba li.
Décision dune cour dassises déclarant non coupable un accusé.
Se desizyon Lakoudasiz pran pou li deklare moun yo akize a pa koupab.
Ecrit nécessaire à la validité ou à la preuve dune situation juridique.
Yon papye ekri ki montre yon bagay te fèt selon lalwa. Pa egzanp, ak-desè, ak-nesans (batistè), ak-maryaj (ak-sivil).
Document établi par un officier public compétent (notaire, officier détat civil), rédigé selon les formalités exigées par la loi et susceptible dexécution forcée.
Se yon dokiman (yon papye) yon ofisye piblik: notè oubyen ofisye eta sivil ekri dapre sa lalwa di. Men fòk ofisye sa a genyen otorizasyon pou sa. Lafòs piblik gen dwa egzije moun respekte sa ki ekri nankèlkeswa dokiman otantik la. Pa egzanp, batistè, papye tè, ak-sivil eksetera...
Plusieurs déclarations de volontés concordantes engagées dans la réalisation dune opération juridique commune de droit public (vote dune loi, élection dun parlementaire...) ou de droit privé (adhésions de nouveaux associés à une association...)
Se yon dokiman kote ou jwenn volonte ak angajman tout moun nan yon sosyete oubyen nan yon òganizasyon. Pa egzanp, Konstitisyon yon peyi, manman-lwa yon òganizasyon
Acte juridique créant des droits nouveaux ou modifiant une situation antérieure.
Se tout regleman ki bay enfòmasyon sou yon enstitisyon, oubyen ki modifye yon sitiyasyon ki te la deja.
Actes caractérisés par un concours de volontés qui déterminent tous les éléments et effets de lacte. Le contrat est lexemple par excellence dun acte conventionnel
Se yon ak kote de oubyen plizyè moun antann yo sou yon bagay. Pa egzanp yon kontra.
Acte constatant une situation préexistante.
-. Se yon ak ki montre yon sitiyasyon ki gen rapò ak lajistis te egziste.
-. Se yon ak ki genyen yon deklarasyon moun fèladann. Pa egzanp, nan
ak-desè, yo bay deklarasyon pou fè konnen yon moun mouri.
Acte instrumentaire, dressé par lofficier de létat civil ou sous sa responsabilité, destiné à prouver létat des personnes.
Ak yon ofisye d eta-sivil fè pou yon sitwayen sou yon papye espesyal. Ak sa a depann de ak eta sivil sitwayen an.Pa egzanp, ak maryaj, ak desè eksetera
Mesure dinformation judiciaire utile à la manifestation de la vérité, prise ou ordonnée par une juridiction dinstruction, et qui a notamment pour effet dinterrompre la prescription de laction publique.
Lè yon jij enstriksyon bay lòd oubyen pran yon dispozisyon enfòmasyon ki nesesè pou fè laverite eklate, epi ki pou pèmèt yo sispann preskripsyon aksyon piblik la.
Manifestation de volonté destinée à produire des effets de droit.
-. Fason moun moutre volonte li; enpi sa tou angaje li devan lalwa. Pa egzanp, lè yon moun marye.
-. Se yon ak ki gen rapò avèk Dwa an jeneral. Genyen de kalite ak jiridik: youn se aksyon moun nan poze a, lòt la se papye (enstrimantòm) yon otorite leta bay la. Pa egzanp, lè yon moun marye, li poze yon ak jiridik. Men, papye ak-sivil la (enstrimantòm nan) se yon lòt kalite ak jiridik.
-. Se aksyon moun fè avèk volonte li; enpi aksyon sa a pèmèt moun nan genyen yon seri dwa lalwa rekonèt. Pa egzanp, maryaj, ak rekonesans.
Acte lié au déroulement dune procédure contentieuse ou gracieuse, ou tendant à une exécution forcée, émanant des parties ou de certains auxiliaires de justice (avocat, huissier de justice, avoué, greffier) ; ainsi une assignation, la convocation dun témoin, la rédaction et la signification de conclusions.
Se yon ak ki genyen rapò ak lajistis. Pa egzanp, yon sitasyon, yon òdonans, eksetera...
Acte soumis à certaines formalités, effectué par un auxiliaire de justice (avocat, avoué, huissier) ou un plaideur (demandeur ou défenseur), destiné à entamer, alimenter, suspendre ou arrêter une action en justice.
Se yon bann demach ak prensip lalwa egzijetou de pati yo suiv pou yon pwosè rive fèt kòmsadwa.
Acte écrit, généralement instrumentaire, plus rarement nécessaire à lexistence de la situation juridique, rédigé par un particulier et comportant la signature manuscrite des parties.
Se yon dokiman ki genyen fòm espesyal menm jan ak batistè oubyen ak sivil. Lè yon moun siyen li, li angaje tèt li.
Action par laquelle on demande la reconnaissance dun droit réel ou personnel sur un immeuble (ex : revendication).
Se aksyon yon moun oubyen yon gwoup moun fè pou li (yo) fè yo rekonèt dwa li (yo) genyen sou yon byen-imèb.
Procédure engagée devant une juridiction pour obtenir le respect ou la reconnaissance dun droit ou dun intérêt légitime.
Pouvoir reconnu aux sujets de droit de sadresser à la justice pour obtenir le respect de leurs droits ou de leurs intérêts légitimes.
-. Yon pousuit devan lajistis. Pa egzanp, aksyon sivil, aksyon piblik.
-. Pouvwa sitwayen yo genyen pou yo ale devan lajistis pou fè yo respekte
dwa yo oubyen pou yo defann enterè yo.
Action sanctionnant un droit personnel ou réel portant sur un meuble, une créance.
Se aksyon yon moun oubyen yon gwoup moun fè pou yo fè yorekonèt dwa li (yo) genyen sou yon byen-mèb osinon yon kreyan.
Action par laquelle on demande la reconnaissance ou la sanction dun droit personnel, quelle quen soit la source (convention, délit, loi, gestion daffaires, enrichissement injuste). Relative en général à un meuble corporel ou incorporel, une telle action peut, par exception, concerner un immeuble.
Se yon aksyon yon moun fè pèsonèlman devan lajistis pou li reklame dwa li.
Action mettant en cause lexistence dun droit réel immobilier, notamment le droit de propriété immobilière.
Se yon aksyon moun fè devan tribinal Premye Enstans pou reklame dwa li sou yon byen-imèb.
Action tendant à protéger un fait juridique, la possession et même la détention paisible dun immeuble.
Se yon aksyon yon moun fè devan tribinal depè kont yon lòt moun ki vini nwi li nan posesyon li.
Action qui confère à son détenteur certains avantages particuliers par rapport aux actions ordinaires. Ces avantages peuvent être « de nature pécuniaire » (droit dantériorité sur les bénéfices par exemple). Ils ne peuvent pas en principe affecter le droit de vote dans les assemblées dactionnaires sous réserve de la possibilité de conférer à certaines actions un droit de vote double.
Devan lajistis, se yon aksyon enpòtan ki bay moun ki genyen li a yon seri avantay (lajan, byen) sou lòt moun ki genyen aksyon òdinè a. An prensip, yo pa kapab afekte dwa vòt nan yon asanble aksyonè; a kondisyon gen posiblite pou yo bay kèk aksyon yon dwa vòt ki double.
Action portée devant une juridiction répressive pour lapplication des peines à lauteur dune infraction. Même si elle peut être mise en mouvement par la partie civile, elle est toujours exercée par les magistrats ou par les fonctionnaires auxquels elle est confiée par la loi.
Se aksyon yo pote devan yon tribinal pou mande li pini yon moun ki fè yon enfraksyon. Pati sivil la kapab mete aksyon piblik la an mouvman. Se majistra a lalwa bay pouvwa pou fè sa.
Le demandeur doit porter son action devant le tribunal du défendeur.
Sa vle di demandè a dwe rele defandè a devan tribinal kote defandè a abite a.
La preuve incombe au demandeur.
Sa vle di se demandè a ki pou bay prèv sou kòz ki fè li trennen defandè a devan lajistis la.
Expression voulant dire « pour cela » : ainsi on nomme un tuteur, un administrateur, un juge « ad hoc ».
Ekspresyon sa a vle di «pou sa». Se yon fonksyon espesyal yo bay yon moun okipe pou fè yon travay tout eksprè.
Expression employée pour préciser quun acte ou une décision est prise « en vue dun procès » , ainsi provision, mandat « ad litem ».
Se yon ak oubyen yon desizyon ki soti nan pwosè a menm. Pa egzanp, pwovizyon ad litem.
La révocabilité « ad nutum » est celle qui peut être prononcée à tout moment par la décision souveraine dune seule personne ou de lorganisme habilité à cet effet.
Se desizyon yon sèl mounoubyen yon òganis ki la pou sa, kapab pwononse. Desizyon sa a pèsonn pa ka defèt li.
Littéralement : en vue de la preuve. Qualifie une exigence de forme qui ne constitue pas un élément intrinsèque de validité, mais qui est simplement requise pour établir lexistence ou la teneur dun acte.
Ekspresyon sa a vle di: <<Pou pote prèv>>. Se yon egzijans pou demontre yon ak egziste.
Personne qui dans une vente aux enchères de meuble ou dimmeuble porte la dernière et la plus forte enchère.
Moun ki rive achte yon byen yo ap vann alakriyepiblik.
Mode de conclusion des marchés publics attribuant automatiquement la commande à celui des entrepreneurs qui consent le prix le plus bas, après une mise en concurrence préalable des candidats.
Fason yo fèmen seyans mache piblik yo enpi chwazi antreprenè ki konsanti pou pri ki pi ba a, apre yo te fin mete kandida yo fas-a-fas.
Elément préalable de preuve, incomplet, mais suffisamment grave pour que soit admise, en matière civile, la preuve par témoins.
Se kèk siy ki ta fè kwè yon bagay egziste. Men siy sa yo manke fòs pou lajistis asepte yo kòm prèv. Pa egzanp, temwayay yon moun (temwen) fè nan zafè sivil.
Affaire prête à être portée à laudience des plaidoiries, audience qui sera suivie du jugement.
Se yon afè ki ranpli tout kondisyon lalwa prevwa pou yon jij kapab tande li.
Intention, qui doit animer les associés, de collaborer sur un pied dégalité.
Laffectio societatis implique non seulement un esprit de collaboration mais aussi le droit, pour chaque associé, dexercer un contrôle sur les actes des personnes chargées dadministrer la société.
Entansyon asosye yo dwe manifeste pou yo kolabore sou menm pye (egal-ego). Afeksyo sosyetatis la vle di non sèlman espri kolaborasyon, men tou dwa chak asosye pou ekzèse yon kontwòl sou zak moun ki la pou administre sosyete a ap poze yo.
Donner à bail un fonds rural moyennant un prix indépendant des résultats de lexploitation.
Poteke (anfèmen) yon tè pou yon pri ki pa gen okenn rapò ak kantite donn tè sa a ap bay.
Droit de ramasser en forêt du bois mort, généralement à usage de chauffage. Dans les forêts communales, le Conseil municipal peut fixer les conditions de la répartition des coupes délivrée pour laffouage.
Dwa pou ranmase bwa boule nan forè kominal yo. Konsèy minisipal la kapab fikse kondisyon sou jan pou yo koupe pyebwa yo.
Frais qui grèvent les diverses opérations effectuées par un banquier.
-. Se frè labank reklame sou tout tranzaksyon kliyan yo fè.
-. Se komisyon (frè) yon ajan finansye touche sou operasyon yon kliyan fè labank osnon nan yon biwo yo chanje lajan.
Système permettant aux personnes les plus démunies ou ayant des ressources modestes davoir accès à la justice et à la connaissance de leurs droits. Cette aide peut être entièrement gratuite ou partiellement prise en charge. Elle comprend laide à laccès au droit et laide juridictionnelle.
Yon sistèm ki pèmèt moun ki malere oubyen ki pa genyen gwo mwayen lajan ale devan lajistis. Yo kapab bay moun sa yo èd sa a gratis nèt oubyen yo ba yo yon pati èd ladann.
Moyen de défense par lequel celui qui linvoque fait valoir quil ne peut être objectivement lauteur dune infraction, notamment en raison du fait quil se trouvait dans un lieu autre que celui où elle a été commise.
Transfert de la propriété dun bien ou dun droit, avec contrepartie ou à titre gratuit (donation), par exemple : la vente est laliénation du droit de propriété au profit de lacheteur sur le bien vendu.
Condamnation à payer une somme dargent fixée par la loi au Trésor public.
Se yon kantite lajan lajistis reklame kòm pinisyon lè yon moun an kontravansyon ak lalwa.
Se dit dun accord ou dun arrangement obtenu par la conciliation des adversaires évitant ainsi un procès (conciliation ).
Yon akò oubyen yon aranjman kèk pati fè ansanm pou yo mete yo dakò sou yon dosye. Konsa, yo tou evite fè yon pwosè.
Loi qui a pour effet de faire disparaître le caractère délictueux (cest-à-dire les poursuites pénales) dune action, déteindre laction publique et deffacer la peine prononcée sans effacer les faits. Cest une sorte de pardon légal.
Se yon lwa prezidan peyi a pran pou retire pinisyon lajistis te bay yon moun. Kidonk, se yon fòm padon legal ki etenn aksyon piblik la.
Double, en la forme authentique, dun acte administratif.
Se yon ak administratif ki fèt an doub nan fòm otantik li.
Etat desprit dune personne qui se comporte comme titulaire dun droit sur une chose pour lexercer ou qui veut faire une libéralité (soppose aucorpus qui nest que lexercice objectif dun droit).
Se eta yon moun ki kwè yon byen rele li chèmèt-chèmètrès, epi moun sa a kwè li kapab vann oswa fè kado byen sa a san kè-sote.
Publicité dans certains journaux, ordonnée par le juge ou par la loi, destinée à annoncer ou à faire connaître certains actes juridiques ou judiciaires (extrait de jugement, vente aux enchères).
Piblisite lalwa oubyen yon jij bay lòd fè nan kèk jounal pou anonse oubyen pou fè konnen kèk ak jiridik oubyen ak jidisyè (ekztrè jijman, vantozanchè).
Se dit dun acte juridique déclaré nul et qui devient sans effet, par exemple, lannulation dun contrat pour absence de consentement de lune des parties.
Se yon ak jiridik yo deklare nil, e ki pa genyen okenn konsekans sou anyen ni sou pèsonn. Pa egzanp, yo gen dwa anile yon kontra paske youn nan pati yo pa bay konsantman li.
Technique didentification des délinquants fondée sur les mensurations du corps humain et certains signes particuliers individuels ( formes de certains organes : oreilles, nez, pieds, etc...).
Se teknik lajistis sèvi ak yo pou idantifye delenkan. Teknik sa yo chita sou fason yo pran mezi fòm kò yon moun ak kèk lòt siy sou moun sa a. Pa egzanp fòm zòrèy, longè pye,eksetera...
Sûreté réelle permettant au créancier de prendre possession dun immeuble et den imputer annuellement les fruits et les revenus dabord sur les intérêts, ensuite sur le capital de sa créance, jusquau règlement de cette dernière.
Se lè yon debitè bay yon kreyansye yon byen kòm garanti. Kreyansye a ap sèvi ak byen sa a, pou li tire enterè dèt la chak ane, epi manman-lajan an jiskakaske kreyansye a fin touche lajan an.
Voie de recours contre une décision de justice rendue en première instance. La personne qui forme lappel est dite «lappelant», celle contre laquelle lappel est formé est dite « linitié ».
Se dènye rès mwayen ki genyen pou yon moun reyaji kont yon desizyon lajistis, yo rann nan Premye Enstans. Moun ki fè appel la rele «apelan»; moun yo fè apèl la kont li a rele «inisye» ou «entime».
Règlement dun conflit présent ou à venir pour lequel les parties font appel à un arbitre, juge non professionnel, choisi dun commun accord.
Se mwayen pou regle yon konfli ki deja la oubyen ki ap vini. Pou sa rive fèt, tou de pati yo mete tèt yo ansanm pou yo chwazi yon abit. Abit sa a se yon jij, men se pa yon jij pwofesyonèl.
Mesurage dune terre, originairement par arpent (34,19 ares), aujourdhui par toute unité du système métrique. Larpentage est lopération préalable de tout bornage.
Se lè yo pran mezi yon tè. Okòmansman, yo te konn mezire tè pa apan (34,19 a ); kounouyeya, yo sèvi ak tout kalite mezi.
Décision rendue par une juridiction supérieure : Cour dappel, Cour dassises, Cour de Cassation.
Se desizyon yon jiridiksyon siperyè (Lakoudapèl, Lakoudasiz, Lakoukasasyon) rann.
Décision émanant dune autorité administrative (ministre, préfet, maire).
Se desizyon yon otorite administrasyon leta (minis, prefè, majistra Kominal) fè soti.
Personne dont un individu est juridiquement issu.
Se yon moun lalwa rekonèt yon lòt moun se pitit li oswa pitit pitit li.
Personne, juge professionnel ou non, qui siège auprès dun magistrat présidant laudience et lassiste dans ses fonctions lors de laudience et des délibérations.
Se yon yon jij pwofesyonèl ki syeje (chita) bò kote majistra a (jij ki ap dirije odyans la). Jij sa a la pou li ede majistra a nan moman deliberasyon yo.
Acte de procédure notifié par un huissier de justice qui informe le destinataire (le défendeur) quun procès est engagé contre lui par une personne (le demandeur) et linvite à comparaître devant une juridiction pour se défendre. Faite par exploit dhuissier.
Se ak pwosedi yon demandè bay yon isye lajistis pote bay yon defandè pou mande li prezante pou li vin defann enterè li devan lajistis.
Compétente pour juger les crimes. En principe, elle siège au chef lieu de département, siège de la Cour dAppel sil y en a une dans le département.
Tribinal kriminèl (Lakoudasiz) : Jiridiksyon nan yon depatman, lalwa bay pouvwa pou jije moun ki fè krim. An prensip, li chita nan chèflye (vil ki kapital ) depatman an, oubyen nan biwo koudapèl la (si genyen youn nan depatman an).
Expression qui introduit largumentation des parties et les motifs de la décision. Par extension, ce terme peut signifier les motivations de la décision.
Se (premye) mo avoka a sèvi ak li lè li ap di konklizyon devan lajistis. Jij la toujou sèvi ak mo sa a tou lè li ap pran yon desizyon. Yo sèvi ak mo sa a pou moutre pozisyon oubyen desizyon yo pran an chita sou yon bon lojik.
Séance au cours de laquelle une juridiction prend connaissance des prétentions des parties, instruit le procès et entend les personnes qui y participent (le commissaire du gouvernement, les parties, les avocats, les témoins, etc.). La décision peut être rendue à laudience ou ultérieurement.
Seyans kote yon jiridiksyon tande pretansyon pati yo, kòmanse pwosè a epi tande moun ki ap patisipe ladann (Pwokirè, tou de pati yo, avoka yo, temwen yo eksetera...). Yo kapab rann desizyon an nan odyans la oubyen yon lòt dat.
Cest le fait pour un juge dentendre les personnes concernées par un procès :adversaires, témoins ou tiers.
Se lè yon jij ap tande moun pwosè a konsène yo: advèsè, temwen oubyen lòt moun.
Ensemble de droits et devoirs attribués au père et à la mère sur leur enfant légitime ou naturel jusquà sa majorité ou son émancipation pour le protéger dans sa sécurité, sa santé et sa moralité.
Tout dwa ak devwa yo bay yon manman oubyen yon papa sou pitit lejitim oubyen sou pitit natirèl yo pou pwoteje yo nan sante yo e nan moralite yo, jiskaske timoun nan vin majè.
Personnes qui concourent au fonctionnement de la justice sans être rémunérées par une autorité publique. Les plus familiers du public sont les avocats et les huissiers de justice.
Se moun ki la pou ede lajistis fè travay li. Pa egzanp, isye, avoka.
Garantie donnée sur un effet de commerce par une personne qui sengage à en payer le montant à léchéance, si le ou les signataires pour lesquels laval a été donné ne le font pas. Lopération sapparente à un cautionnement.
Se lè yon moun asepte siyen yon dokiman kote li bay garanti sou responsabilite li pran pou yo prete oswa vann yon lòt moun yon byen. Si moun ki prete oswa achte a pa ta peye dèt la, se moun ki ba li aval la ki ap peye nan plas li.
Personne qui sengage à payer à léchéance à la place dune autre.
Se yon moun ki asepte pran angajman siyen papye pou yo prete oswa vann yon lòt moun yon byen.
Donation faite à un héritier et qui simpute sur sa part successorale.
Donasyon yo fè yon eritye, yo konsidere donasyon sa a tankou yon avans sou sa ki ap vin pou li nan yon siksesyon.
Déclaration par laquelle une personne reconnaît comme exact un fait qui peut produire des effets juridiques à son égard. Laveu peut être retracté.
Deklarasyon yon moun fè devan yon tribinal kote li di oubyen li rekonèt yon objè oubyen yon zak se laverite. Deklarasyon sa a ka genyen konsekans sou moun nan devan lalwa. Men, li kapab mande tribinal la retire li pou li.
Lavocat est celui qui conseille en matière juridique, judiciaire et fiscale, représente ou assiste ses clients en justice. Lavocat est inscrit à un barreau établi auprès de chaque tribunal de grande instance.
Se yon moun ki, disponib nan yon bawo. Li la pou reprezante oubyen pou ede kliyan li a devan lajistis. Yon avoka dwe enskri nan youn nan bawo ki tabli nan tribinal grann enstans yo.
Personne qui se substitue à une autre (appelée autrui) pour lexercice dun droit quelle tient de cette dernière (exemple : un héritier est layant droit du défunt).
Yon moun ki ranplase yon lòt pou egzèse yon dwa moun ki pa la a ba li. Pa egzanp, yon eritye se eyandwa yon defen.