Rubrique culture créole, du journal l'Union

Table des matières

Entête CES
Description de fichier
Description du codage
Description du profile
Section 1. Entwodiksyon
Section 2. Ki piblik ribrik la vize ?
Section 3. Pou ki sa Brase mele kilti kreyòl?
Section 4. Ki sa n ap jwenn nan ribrik la ?
Section 5. Ki kote enfòmasyon yo ap soti?
Section 6. Conclusion

Entête CES

Créée par : | Statut actuel : | Créée le : | Mis à jour le :

Description de fichier

Titre : Rubrique culture créole, du journal l'Union
Responsabilités :
Serge Sylvestre (boukmann@hotmail.com)
Publication : (509) 2451233 - (509) 2443253
Distributeur : Pour le RIFAL : Faculté de Linguistique Appliquée
  38, rue dufort (bois-Verna)- Port-au-Prince, Haïti
Tél : (509) 2451233 - (509) 2443253 
Fax : (509) 245-9153 
  fla-ueh@netcourrier.com 
Publié le : 02/2003
Disponibilité : free - http://www.FLA-UEH.ht.edu
Source : Ribrik Journal L'UNION Renauld Govain Port-au-Prince, Haïti

Description du codage

Projet : Cette version a été réalisée en vue des formations RIFAL
Editorial :
Conformité : CES Level 1 (level 1)
Correction : medium, silent
Segmentation : Texte marqué avec les paragraphes et les titres
Balisage :  
  body 1  
  article 1  
  head 1  
  lg 15  
  l 120  

Description du profile

Langues :  
  Français  fr  fr 


Section 1. Entwodiksyon

" Brase mele kilti kreyòl " se yon ribrik enfòmasyon sou lang ak kilti kreyòl. Jan non an di li a, se yon kolòn nan jounal la ki prezante yon sentèz aktivite sosyal ak kiltirèl nan lang kreyòl la. Li genyen yon gwo lide entelektyèl ki travèse li. Nan sans sa, Brase mele kilti kreyòl se yon zouti pou kontinye alfabetizasyon an sitou nan domèn literati. Li se yon mwayen tou pou fè lanse deba refleksyon sou lang ak kilti natifnatal kreyòl. Lè nou di lang ak kilti natifnatal kreyòl, nou vle pale tou de aktivite sosyal ak kiltirèl nan lòt zile Karayib yo kote yo pale kreyòl tou

Brase mele kilti kreyòl se yon espas refleksyon sou idantite nou kòm pèp, kòm premye nasyon nwa endepandan na lemonn. Se yon mwayen tou pou devlope lakay chak lektè yon angouman pou enfòme tèt li sou literati nan lang epi sou enpòtans lang nan jwe nan lavi chak Ayisyen

Se tou yon zouti pou fè chak Ayisyen pran konsyans de responsabilite yo chak genyen nan travay pou devlope lang nan. Okenn lang pa ka devlope si pèp ki pale l la pa santi nesesite pou li travay pou sa.

Section 2. Ki piblik ribrik la vize ?

Brase mele kilti kreyòl vize tout moun anjeneral ki konn li kreyòl. Ou te mèt Etranje oswa Ayisyen, depi ou konn li epi konprann kreyòl ayisyen an enfòmasyon nou yo ap enterese ou. Se yon bon mwayen tou pou Etranje k ap fè rechèch sou kilti ak fonksyònman lang tout Ayisyen pale a. nan.

Section 3. Pou ki sa Brase mele kilti kreyòl?

Nou monte ribrik sa a nan lide pou nou kapab fè pwomosyon pou lang ayisyen an epi valorize pratik kiltirèl natifnatal peyi d Ayiti. Li gen twa (3) objektif prensipal :

Lang yon pèp se meyè mwayen li kapab sèvi pou bay kilti li valè. Lan nan se youn nan sistèm - pou nou pa di se sistèm - ki pi enpòtan nan yon sosyete. Se tankou nou ta di yon miwa (glas) ki prezante san mank tout aktivite ak pratik kiltirè moun k ap viv nan yon kominote : mès, koutim, abitid, tradisyon, vis, defo, kalite, etc.

Se pa yon aza si nou wè pifò peyi pèp fransè te kolonize pale fransè. Se paske lang nan konstitye yon sistèm ki fò anpil nan pratik kilytirèl ak sosyal yon pèp. Epitou, Fransè, tankou anpil lòt pèp, se nasyon ki renmen lang li anpil anpil. Yo pa janm chèche fè lang yo sanble ak okenn lòt lang. Yo sansib anpil pou lang yo epi yo fè tout sa yo konnen pou ba li jarèt, menm si, an reyalite se yon lang entènasyonal ki deja fin chita nèt. Se nan lide sa a yo monte Frankofoni ki se yon enstitisyon entènasyonal ki regwoupe tout peyi ki pale fransè yo. Menm gen peyi ki pa frankofòn sètadi ki pa pale fransè tankou Liban, peyi arab e menm kèk peyi Karayib ki pale espànyol, tankou Kiba ak Repiblik Dominikèn. Se sa yo rele nan lang fransè "peyi frankofil", ki vle di ki renmen fransè

Section 4. Ki sa n ap jwenn nan ribrik la ?

Brase mele kilti kreyòl fè pwomosyon patrimwàn kiltirèl ak istorik peyi d a Ayiti tankou lye istorik, plas piblik, bèl plaj, espesifisite kiltirèl ak sosyal chak zòn nan peyi a, abitid, koutim, tradisyon abitan zòn sa yo se enfòmasyon ki kapab enterese nou tou.

Section 5. Ki kote enfòmasyon yo ap soti?

Enfòmasyon k ap pibliye nan kolòn sa a ap soti nan aktivite sosyal ak kiltirèl ki dewoule nan divès kwen nan peyi a. Se aktivite ki enterese tout moun anjeneral epi ki kapab pèmèt lang nan ak kilti peyi a devlope pi plis. Paregzanp, nou gen fèt chanpèt yo, fèt nasyonal yo, fèt popilè ak lòt aktivite tankou òganizasyon fwa ak ekspozisyon atistik, literè aswa atizanal.

Nou kapab pibliye kèk powèm lè nou jije yo enteresan epi yo genyen yon karaktè entelektyèl oswa didaktik k ap sèvi pou fè lang ak kilti kreyòl yo pran jarèt. Nou pa kapab kite koze edikasyon an dèyè paske nou tout konnen ki pwa edikasyon an genyen nan tout system sosyal, kiltirèl ak entelektyèl.

Kèk nan atik nou yo kapab se rezilta rechèch oswa refleksyon nou mennen nan domèn lang : ki jan diferan moun pale lang nan ? Eske jan yo pale l la antre nan kad presip jeneral lang nan ? Eske jan yo pale a pa anpeche moun konprann lè y ap kpminike youn ak lòt ? Eske ta genyen kèk eleman ideyolojik patikilye ki ta fè se kon sa yo pale ? Ki konsekans sa kapab genyen alalong sou avni lang nan ? etc.

Section 6. Conclusion

Chak atik Brase mele kilti kreyòl yon moun fin li dwe pèmèt li fè konesans avèk yon enfòmasyon an plis sou lang ak kilti kreyòl. Sa dwe pèmèt li wè kesyon lang nan tou yon lòt jan. Sa kapab fè li bay lang ak kilti lakay li plis valè paske, anjeneral kilti yon moun se idantite li e lang nan menm se li ki motè kilti yon pèp. Se nan lang nan pou yo esprime tout eksperyans kiltirèl yo, sitou pou lang kreyòl la ki pa gen anpil liv yo ekri landan.

Nou ouvè pou kritik oswa sijesyon ou. Si ou ta renmen nou nou prezante ribrik la nan yon fason ou ta jije ki meyè parapò a jan nou ekri li a, ou ta gen dwa ekri nou nan adrès sa a : rgovain@hotmail.com.